AYITI REYAKSYON: RESPONSAB RADYO TELE KISKEYA YO DI YO PA BEZWEN ÈD NAN MEN LETA POU YO REKONSTWI.

Responsab radyo Kiskeya yo anonse ke yo pap resevwa okenn èd nan men leta ayisyen pou yo ka rekonstwi.

Nan yon entèvyou kel bay radyo karayib maten lendi 24 desanm nan , Liliane Pierre Paul , responsab pwogramasyon radyo Kiskeya fè konnen ke yo pa bezwen okenn sibvansyon nan men leta ayisyen pou yo kapab rekanpe jan premye minis Ceant te pwomèt sa nan yon mesaj sou twitè. Prezantatris jounal 4trè a konseye leta poul pran lajan sila pou achte machin , materyèl ak ekipman bay sèvis ponpye yo nan peyi a pou evite gen yon lot radyo oubyen kek lòt enstitisyon boule nan menm kondisyon an.<< Nou pap ipoteke endepandans nou te deja genyen an pou okenn rezon >> se sa ansyen jounalis radyo ayiti entè a kontinye poul di.

Pilwen, Madam Paul ki tap prezante sitiyasyon radyo a aprè l fin boule a, remesye tout moun ak enstitusyon pou sipò moral yo bay ekip Kiskeya a nan moman difisil sa.

Nap raple ke radyo Kiskeya te boule vandredi 21 desanm pase a aprè ke yon dife te fin pete nan yon kay touprè radyo a.

Gédéon DELVA, Aken

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …