AYITI/ PREZIDAN REPIBLIK LA BAY SWÈ LI POU PÈP AYISYEN AN NAN OKAZYON FÈT NWÈL AK FÈT FEN ANE A

Nan okazyon fèt fen lane 2018 la prezidan repliblik la Jovenel MOÏSE swete pèp ayisyen an yon jwaye nwèl 2018 epi bòn ane 2019 nan yon videyo ekip li pibliye joddi lendi 24 desanm 2018 la

Prezidan ki swete pèp la pase fèt sila nan lapè , pwosperite ak anpil benediksyon nan konpayi fanmi ,zanmi yo ak moun yo pi renmen epi tabli dyalòg, rekonèt sou bò pal lane 2018 la se yon ane kite difisil pou pèp ayisyen an a koz pwoblèm ekonomik, sosyal ak politik peyi a pat sispann rankontre pandan lane sila

58 èm prezidan peyi a fè konnen pou li amelyore kondisyon chak grenn ayisyen ap viv lap bezwen fè plis jefò poul a rive leve gwo defi kap tann li ,se pou tèt sa li swete pou fèt nwèl la ak fèt fen ane yo rive jwenn pèp ayisyen ini e fyè kòm pèp diy, pèp ki konn travay ,

Pou fini prezidan ki swete pèp ayisyen yon JWAYE NWÈL 2018 epi BON ANE 2019 kwè si tout ayisyen mete kè ,nanm ,ak yo ansanm ,yap rive kraze tout baryè ki anpeche peyi a pran wout devlopman

Tel: +50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …