AYITI GAZ: GAZ LA TA DWE MOUTE SELON SEKRETÈ DETA KOMINIKASYON AN.

56 goud, se kantite lajan leta dwe mete sou pri gaz la, daprè sekretè deta ak kominikasyon an Eddy Jackson Alexis.

Nan yon konferans li bay pou laprès nan komansman week-end pase a, ansyen jounalis radyo Kiskeya a fè konnen leta ayisyen pap ka retire yon yota sou pri gaz la jan anpil moun tap mande sa nan peyi a.

Pou jistifye desizyon sa a, Jakson fè konnen se akoz lajan ameriken an ki vin pi chè a ki fè leta paka desann gaz la sou mache a pabò isit an ayiti.
Lifè konnen ke leta pedi anpil lajan nan sibvansyone petwòl kap antre anndan peyi a , se monte leta ayisyen oblije monte pri a pou kapab kouvri kèk depans.

Alexis deklare li enposib pou gouvènman bese pri a malgre yap achtel nan yon pi piti pri aletranje akoz goud la kap pedi valèl la.

Depi kèk tan pri baril petwòl la ap diminye sou mache a nan lot peyi etranje yo. Anpil ekonomis ayisyen ak sendikalis te leve vwa yo nan jou pase yo pou mande ak leta desann pri gaz la paskel bese aletranje men leta patjanm reaji. Finalman yo anonse yap ogmantel. Eske aprè anons sa nou pral viv menm evenman ki te pase nan peyi a 6 ak 7 jiyè pase a. Pou kounya ,noupa konnnen. Nap swiv.

Gédéon DELVA, Aken

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …