AYITI/KANAVAL : *ANN CHITA PALE POU AYITI* SE TÈM KANAVAL NASYONAL LA KAP GEN POU DEWOULE GONAYIV.

Ayè vandredi 28 desanm lan nan yon konferans pou laprès Minis kilti ak kominikasyon an ,JEAN Michel Lapin anonse vil Gonayiv jwenn ochan yon dezyèm fwa pou òganize kanaval nasyonal la ki pral dewoule 3, 4, ak 5 Mas 2019 sou tèm *ANN CHITA PALE POU AYITI*.

Selon Minis kilti ak kominikasyon an se famasyon mizikal ki gen pi bèl mereng yo kap gen chans pou foule beton site lendepandans lan pandan 3 jou sa yo , e Minis lan deja ale pi lwen pou fè konnen fòmasyon mizikal sa yo pap pi plis pase 15.

Tèm kanaval nasyonal la vini Se Aprè plis pase 2 semèn Meri pòtoprens te anonse *respekte lavi* se tèm kanaval pòtoprens lan

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …