ESPÒ: ASC RANPÒTE TWOFE CHANPYON DÈ CHANPYON AN

Aprè li te finn ranpòte seri kloti chanpyona ayisyen football pwofesyonèl la jedi 27 desanm 2018 la kont Arcahaie FC (2-1) nan pak Levelt St Marc, Don Bosco FC kite twofe chanpyon dè chanpyon an file nan menl dimanch 30 desanm 2018 la sou teren pak St Victor nan okap.

Malgre ASC te redwi ak 10 kont 11 nan match la akòz Djimmy Bend Alexis ki te pran yon katon rouj (62è), ekip Don Bosco a ki petèt sibi anpil fatig akòz plizyè deplasman yo fè pandan semèn nan (Sen Mak-PetyonVil nan jedi, Petyonvil-Okap nan samdi) pat janm ka rive inpoze yo sou Kapwa yo ki finalman jwenn gòl viktwa gras ak Marc Robenson Beldort (83è).

A raple ASC rive ranpòte twofe sa pou yon dezyèm fwa (2017, 2019) nan istwa li depi lè twofe sa kreye an 2006. Ekip Don Bosco a bò kote pal ki ranpòtel de fwa tou(2006, 2014) dwe tann yon lòt okazyon si yo vle ajoute yon lòt twofe chanpyon dè chanpyon nan palmarès yo.

Men palmarès twofe chanpyon dè chanpyon an:

-Tempête FC (2008, 2009, 2010)

-Baltimore SC (2007, 2011, 2013)

-Don Bosco PV (2006, 2014)

-AS Capoise (2017, 2018)

-FICA (2015)

-RACING FC( 2016)

Michelet ALCIDOR

micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …