AYITI/JISTIS: PREMYE ARESTASYON JIJ WALTER NAN KAD ANKÈT KAP MENNEN POU KONN KI MOUN KI TOUYE ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.

Jij Walter Wesser Voltaire fè premye arestasyon li nan moun lap tande yo jounen lendi 20 novanm 2023 a nan kad ankèt kap mennen pou konn ki moun ki touye ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse.

Jij la bay lòd pou mare ajan egzekitif enterimè Jakmèl la, Macky Kessa apre li fin tande li, Macky Kessa se premye moun li kenbe pami tout moun li tande yo.

Nap fè konnen nan jou kap vini la yo Jij Walter Wesser Voltaire ap gen pou li tande ansyen minis jistis Rockefeller Vincent, ansyen direktè jeneral polis la, Leon Charles, ansyen direktè BMPAD, Ignace Saint-Fleur ak sekretè jeneral palè a, Josué Pierre-Louis.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …