AYITI EDIKASYON: MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL ADOPTE , MÈKREDI NAN SEMÈN KI SOT PASE A ,YON « KÒD KONDWIT » KONT VYOLANS KAP FÈT SOU TIMOUN LEKÒL YO.

Nan kad yon reyinyon MENFP òganize ant responsab ministè a ak plizyè lòt patnè ki enterèse ak sijè a tankou UNICEF ak  »Save the children » pou diminye vyolans kap fèt nan lekòl yo se youn nan sijè ki te anndan tout reyinyon an

Reyinyon sa kòdonatè teknik kabinè minis lan, Jacques Yvon Pierre tap mennen, te pèmèt responsab yo nan sektè a elabore yon pakèt prensip ki di men ki konpòtman moun dwe genyen lè yo sou lakou lekol yo. Kòd sa ap genyen poul pibliye nan jou kap vini yo.

Plizyè lot desizyon te soti aprè gwo reyinyon sa. Tankou:
1) reyalize yon ak plizyè sektè sou ki mwayen pou n lite kont vyolans kap fèt nan etablisman kap fome timoun yo nan peyi a.
2) fòme yon komite kap gen 6 moun kipral genyen pou travay sou kijan yap mennen pwogram pou pwopaje lide kont vyolans nan lekol yo.
Responsab anonse yap reyalize plizyè lot rankont nan sans lan ankò.

Vyolans se yon bagy kap fèt prèske chak jou sou timoun yo nan lekòl yo. Yo sèvi kòm sanksyon Swa pou elev pakonn leson ak pou devwa. Èske prensip sa yo pral respekte lè yo fin pibliye , lè n sonje gen anpil lòt lwa ki adopte deja pou sektè sa ki pa janm respekte tankou lwa sou Frè eskolè ke ansyen senatè Sebastien te elabore.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …