AYITI/ENSEKIRITE: SITYASYON KONPLIKE POU MOUN KAP TRAVÈSE MARIANI.

Sitiyasyon an toujou konplike nan katye Mariani , sitou pou kamyon trafik kap soti nan depatman Nip, Sid ak Grandans peyia kote anpil pwodwi moun manje tankou bannann, lam, patat, yanm poun site sa yo selman, pouri
akòz yo fè two tan nan machin.

Jou ki te lendi 8 janvier 2024 la, kek travayè Laprès te wè yon kadav kote se chen ki tap manje li nan Mariani.

Malgre prezans lapolis kap tante wè koman yo ka pran kontwòl zòn lan , sa pa anpeche gwoup neg ak zam yo toujou ap koupe rache nan katye Mariani.

Nap siyale , machinn ki pa ka pase Mariani pou antre kafou lakòz anpil pwodwi moun manje vini pi chè chak jou pi plis nan mache kafou yo.

Yon sitiyasyon ki revolte konsyans anpil moun nan komin nan ki pwofite mande ekip defakto ki sou pouvwa pran responsabilite yo.

 

Sony jeanty

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …