An prezans prezidan peyi a ak premyè dam lan Martine Moise ,premye minis Jean Henry Céant , Premye sitwayen vil Gonayiv la Neil Latortue ak manm gouvènman an responsab nan cspj, wo leta majò nouvèl fòs lame dayiti ak fòs polis la,nons apostolik,manm kò diplomatik, gwo seremoni selebrasyon anivèsè endepandans repiblik dayiti rive dewoule Jan sa abitye fèt chak premye janvye nan vil gonayiv.
T-Deum lan kite prezide evèk gonayiv la monseyè Yves Mary Péant , kote monseyè a egzòte otorite yo travay pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, epi antame bon jan dyalòg sensè , enklizif pou kapab retire AYITI nan povrete , chomaj , grangou , ensekirite li twouvel depi yon bon bout tan.
Soti andan katedral la otorite yo te rann yo sou Plas Dam lan kote seremoni ofisyèl yo tapral kòmanse, malerezman akoz yon pwoblèm mikwo kite dire anviwon inèd tan konsa, sete premye sitwayen komin gonayiv la Neil Latortue kite pran lapawòl, kotel pat manke pa felisite chèf leta ki te lanse konstriksyon 10 kilomèt ri nan vil la, ak kanaval nasyonal la chèf leta jovevel Moïse anonse pou ane 2019 la.
Neil Latortue swete mezi yo pran nan kad konstriksyon konplèks administratif la, epi waf la ansanm ak ayewopò gonayiv la elatriye el te pwofite remèsye prezidan Moïse jovevel kipral pèmèt vil gonayiv benefisye yon izin siman nan mòn lapyè kipral fasilite plizyè santèn moun jwen travay.