AYITI-JISTIS: PLIZYE OGANIZASYON ANNDAN SOSYETE SIVIL LA MANDE MARE OTORITE NON YO SITE NAN KORIPSYON NAN ADMINISTRASYON PIBLIK LA KI RANN PEYI A VIN GEN PLIS MIZE

Plizyè Òganizasyon ki fè pati de Sosyete Sivil la sòti yon kominike pou laprès nan dat 8 Janvye 2024 la, nan lakou Pòtoprens pou kore desizyon Jij Duniel DIMANCHE, pran pou mete anba kòd yon seri de gwo otorite ki tap pyafe nan fè koripsyon nan administrasyon Piblik la.

Apre plis pase 30 a 40 lane ap banbile nan administrasyon Piblik la nan gaspiye lajan ak richès peyi a nan koripsyon san yo pa janm pran sanksyon, yon seri de Òganizasyon nan Sosyete Sivil la di yo fyè e pote sipò yo bay Jij Duniel DIMANCHE, ki pran yon desizyon ki gen anpil kouraj ak angajman pou pèmèt sistèm jidisyè a briye nan peyi a.

Òganizasyon sa yo di yo santi yo atriste pou wè yon seri de moun nan Sosyete Sivil la ki ap defann moun sa yo ki gaspiye richès peyi a tankou se Sen yo ye, poutan se yo ki pyon ki ap fini ak peyi a nan lamizè ak ensekirite planifye, yon lòtbò yo mete an defi otorite jidisyè yo ki ta gen entensyon pou retire dosye sa nan men jij la, yo pwofite mande pou ranfòse sekirite jij la ki vin pi frajil akoz dosye sa.

Pou fini Òganizasyon sa yo kwè travay sa jij Duniel DIMANCHE ap mennen an se yon travay ki ki ap fè fyète peyi a nan Sak gen pou wè ak Lajistis ki toujou ret bèbè nan jan de sitiyasyon sa yo.

Lis non Òganizasyon ki kanpe dèyè kominike pou laprès sa se:

1) Ordre des Défenseurs des Droits Humains (ORDEDH)

2) Droit et la Vie Humaine (DVH)

3) Brigade Syndicale Anti-Corruption (BSAC)

4) Associations des Jeunes Authentiques et Honnêtes (AJAH)

5) Réseau des Femmes Actives d’Haïti (RFAH)

6) Centre d’Analyse et de Recherche en Instruction Citoyenne (CARIC)

7) Institut National d’Observation d’Haïti (INOHA)

8) Observatoire Haïtien pour le Droit et la Liberté de la Presse (OHDLP)

9) Alternative Consensuelle de la Jeunesse Haïtienne (ACOJEH)

10) Mains Ensemble pour le Développement d’Haïti (MEDHA-Droits Humains)

Kominike sa pote Siyati moun sa yo:

Darbenzky GILBERT
Johnny CILNEUS
Sonson DUMÉ
Dieuné FRANCKLIN
Elie REMAN

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …