AYITI/REFLEKSYON: KESYON ANPIL MOUN SOU MOUVMAN NÈG AK ZAM YO DEKLANCHE NAN PEYI A.

Depi plis pase 8 jou nèg ak zam yo deklanche yon gwo mouvman anndan peyi a, yon mouvman ki gen non « revolison » ke tout nèg ak zam yo (Bandi) mete tèt yo ansanm sou non « Viv Ansanm » ki gen pou objektif fòse mouche Ariel Henri kite pouvwa e kraze sistèm nan selon sa yo fè konnen ki fè anpil moun bat bwavo pou yo e apiye mouvman an.

Youn nan chèf mouvman sila ke tout moun konnen sou non « Babekyou » ki se yon ansyen polisye ale pi lwen pou di mouvman sila se pou libere pèp la e bay peyi a yon lòt imaj, se la kesyon yo kòmanse poze, Poukisa si mouvman an e pou pèp la se pèp la ki ap viktim ladann?

Lè nou ap gade nan mouvman an plizyè moun gentan mouri ladan yo senk (5) polisye, plizyè lòt moun pran bal anndan popilasyon an, plizyè lòt moun fanmi yo pa konn kote yo pase tout anndan popilasyon an, nan moman an la ki ap soufri yo pa ka pran swen akoz yo manke lopital e ti sa ki genyen yo pa ka reponn poutan okenn nan gwo zotobre ki mete peyi a la yo pa genyon epeng ki ko pike yo.

Nan bilan mouvman sila,  sou komisarya atake, Sou komisarya Pòtay, sou komisarya Mache Salomon, Sou Komisarya Dèlma 3, Sou komisarya Kafou Awopò, Sou Komisarya Kazo sou komisarya Bon repo ak sou komisarya Kabarè, de (2) pi gwo prizon ki nan kapital la kraze prizon sivil Pòtoprens ak prizon sivil Kwadèboukè, plizyè antrepriz piblik kou leta kraze e piye pami yo UNIBANK Delma 18, Lopital Jude Anne, lopital Saint Francois Salle, Stade Silvio Cator grenn li peyi a genyen, Tribinal de pè Dèlma, Ona Shada, OAVCT Taba, BNC Kwadèboukè pou site sa yo ak anpil lòt biznis ti malere ak kay moun.

Kesyon: Poukisa mesye yo ap kraze majorite sa ki gen rapò ak popilasyon an sèlman e yo menm tou yo ap bezwen yo apre revolisyon an? Poukisa yo oblije mete dife apre yo fin piye yo? Poukisa se nan zòn moun ki pi mal yo dega yo ap fèt? Poukisa se malere malerèz yo ki oblije ap kouri kite kay yo pou bri bal? Poukisa tout gwo zotobre ki mete peyi a la jounen jodi a la yo yo alèz, yo ap vire san pwoblèm? Pou rete sou kesyon sa yo, Èske se pèp la ki sistèm nan?

Apre kesyon yo sa ke nou pa gen repons pou yo, mouvman an mete gouvènman defakto a ki gen nan tèt li mouche Ariel Henri ak alye li yo ak kominote entènasyonal la ajenou, li mete yo nan reflechi. Popilasyon an bò pa yo ap tann demisyon mouche Ariel.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …