ESPÒ: PREZIDAN REPIBLIK LA BAY MATEO COLES YON PLAK DONÈ.

Se avèk anpil fyète prezidan repiblik la Jovenel Moïse remèt yon plak donè bay Mateo Philippe Coles ayè vandredi 4 janvye 2019 la nan palè nasyonal an prezans premyè dam nan Martine Moïse, ministre kilti ak kominikasyon an Jean Michel Lapin ak Minis Espò ak aksyon sivik la Edwing Charles.

Jèn atlèt 16 ans resevwa distenksyon sa aprèl te finn ranpòte meday dò nan senkyèm edisyon je olenpik lajenès yo ki te fèt nan mwa oktobre 2018 la nan vil Buenos aires.

Mateo ki se premye ayisyen ki rive ranpòte yon meday dò nan je olenpik lajenès yo te deklare se yon onè pou li e sak fèl pi kontan sèke aprè viktwa sa li pèmèt yo pale de Ayiti sou yon lòt ang.

Michelet ALCIDOR

micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …