AYITI/SA OU DWE KONNEN: MEN SA OU FÈ LÈ OU BOULE YON BIWO ONA.

Nan dènye jou sa yo, sityasyon an konplike anpil nan lakou peyi Dayiti, mesye ak zàm yo mete dife nan yon pil enstitisyon piblik kou prive pou kapab fè tande vwa yo ak revandikasyon yo san yo pa rann kont ki mal yo ap fè tèt yo ak popilasyon an ke yo di yo ap batay pou li a e ki gwo byen yo fè pou moun ki ap dirije yo ak mèt sistèm nan yo ki mete peyi a nan eta sa.

Lè ou boule yon biwo tankou ONA ou touye plizyè milye asire ak pansyone, ou pèmèt gwo palto nan leta yo ak nan sektè prive a manje kouraj moun sa yo ki pase tout vi yo ap bay enèji yo nan faktori yo, nan mache yo, nan biwo prive yo, nan biwo piblik yo pou site sa yo. Gen moun ki fè plis ke 30 lane ap redi lè yo mouri yo pa ka antere, se ONA ki antere yo paske yo te asire e vin pansyone, se vre genyon gagòt nan lajan ONA yo sitou nan kesyon prè yo ke se gwo zotobre nan leta ak nan sektè prive ki jwenn yo pi souvan. Lè ou mete dife nan enstitisyon sa tout lajan yo ap rete nan men yo.

Pi lwen se yo ankò ki pral jwenn gwo kontra pou re mete enstitisyon an kanpe, se gwo palto nan leta a ak zanmi yo ki pral jwi privilèj yo sou do pansyone yo ak asire yo ki ap bay tout yo menm nan fè gwo sakrifis nan faktori, izin pou site kèk nan sa yo.

Yon lòt bò moun ki te fè plis ke 30 lane (Pansyone) ap travay yo pap jwenn anyen ankò chak mwa pou yo jere tèt yo, moun ki ap redi maten,midi, swa ki ap travay yo demen yo pap asire. Pwoblèm nan pap rezoud nan boule batiman ONA yo, bat anplwaye yo, joure anplwaye, kidnape yo men, li ap rezoud se lè nou fòse moun ki ap dirije enstitisyon an yo pran men yo, respekte sa lwa a di. Anplwaye yo se viktim sistèm nan, yo viktim de move jesyon bwat la, yo gen menm revandikasyon yo ak nou, yo soti nan pèp la.

Nou ap fè ou konnen lè yo fin tande vwa nou, peyi a reprann aktivite nou ap bezwen enstitisyon sa yo pou nou travavay, pou yon pwòch nou travay, pou ou menm ki fè tout jenès ou ap redi pou jere ti granmoun ou.

Se te Echojounal pou sèvi ou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …