MONN LAN-BIZNIS: JIM YONG KIM DEMISYONE NAN TÈT FONKSYONMAN BANK MOMDYAL LA

Twa( 3)lane avan fen manda prezidan bank mondyal la « JIM YONG KIM » anonse ayè lendi a demisyon’l nan tèt fonksyonman bank mondyal la.

nan lane 2012, JIM YONG KIM,ta pral rive pran tèt Bank mondyal la ,sou yon nominasyon ansyen prezidan Ameriken an « BARACK OBAMA » ki te metel nan pòs sila. e kontra’l ta pral renouvle nan lane 2016, sa ki ta pral lakoz gwo pale anpil mete pye akoz plan ekonomi san avans yo.

demisyon JIM YONG KIM, gen poul efase nan dat premye (1) fevriye kap vini la e se KRISTALINA GEREVIA ,kap gen pou ranplasel nan pòs sila ,ki se aktyèl direktris jeneral bank mondyal la e li te okipe pòs komisè ewopeyèn.

Se DONALD TRUMP kap gen dwa poul jwenn yon ranplasan pou pòs sila men se nan yon chita pale ak otorite ewopeyèn yo pou desizyon sa kapab pran.
nap few konnen BANK MONDYAL ap fonksyone sou lòd yon ameriken e FMI ap gouvènen sou lòd yon ewopeyen.

ECHOJOUNAL
Fednickson VAL
509 4490 3939
valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …