Direksyon depatmantal Nò (DDN) polis nasyonal dayiti (PNH) dezinye enspektè divizyonè Gadner Jean pierre François kòm nouvo responsab lapolis nasyonal nan komin lenbe.
daprè Pòt pawòl la direksyon depatmantal Nò (DDN) te transfere ansyen responsab komisarya lenbe a Komisè Pierre Wesner Gaspard depi nan finisman mwa desanm 2018.
Pòt pawòl polis la pwofite pou fè konnen chanjman sa pa gen anyen a wè avèk evènman ki te pase nan komin lan nan fen lane 2108 la men pito se estrateji yon pou kontinye sévi ak pwoteje popilasyon an.
pòt vwa enstitisyon an ale pi lwen pou fè konnen lapolis nasyonal deja mete men sou 5 endividi nan kad ankèt yo mennen sou evènman kite lakoz senk (5) moun pèdi lavi yo epi lakoz dis (10) kay ak de (2) machin boule antre lannwit 22 ak 23 desanm 2018 la nan lenbe.
+50948130891
Sonlymoinius03@gmail.com