AYITI/GAZ: CHOFÈ TAKSI MOTO ANONSE 2 JOUNEN MANIFESTASYON NAN VIL GONAYIV.

Nan yon konferans pou laprès asosiyasyon ak popriyetè taksi moto nan vil Gonayiv fè devan estati Madan kolon madi 08 janvye 2109 la anonse 2 jounen manifestasyon jedi 11 janvye ak mard 15 janvye 2019 kap vini la.

Selon chofè taksi moto yo 2 jou manifestasyon sa yo gen pou objektif fòse leta ayisyen bese pri gaz la nan ponp yo ki pa sispann monte sou mache nasyonal la pandan sou mache entènasyonal la se kontrè , epi mande ak gouvènman Moïse/Céant pote yon amelyorasyon nan Mizè , grangou, ak chomaj popilasyon an retwouve li.

Prezidan sendika chofè yo nan Gonayiv Wilio Joachin ki tap dirije konferans lan fè konnen Administrasyon Moïse/Céant an pa gen kapasite pou pote ankenn solisyon nan pwoblèm Peyi a ap rankontre , Sendikalis la bò kote Pal mande yon entèvasyon ijans nan egzekitif la, nan lide pou evite sitiyasyon peyi a twouvel li a vin pi grav.

galon Gaz nan vil Gonayiv ap vann 300 rive 750 goud selon enfòmasyon yo , mete sou sa depi nan peryòd fen ane a pou rive jwenn premye semèn mwa janvye a konpayi ayisyen ki la pou distribiye kouran bay abòne yo nan site lendepandans lan ak lòt zòn ki sou kontwòl yo (EDH) pa sispann rankontre kèk pwoblèm sou wout yo ki lakoz pèp Ganayiv pa gen aksè ak kouran EDH Jan sa te konn ye nan vil la.

Direktè EDH Latibonit lan ki te reyaji pou bay eksplikasyon sou sitiyasyon sa EDH ap fè fas la fè konnen se yon pwoblèm mazout ak lwil ki mele ak pwoblèm 2 pirifikatè ki te anpàn ki jis koulye a poko repare.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …