AYITI ENSEKIRITE: DE (2) MOUN BLESE ANBA BAL BANDI LADAN YON POLISYE.

Nan yon echanj katouch ant bandi yo pa idantifye ak lapolis de (2) moun rive pran bal jodi mèkredi 9 janvye 2019 la nan zòn Petyonvil tou pre otèl Oasis.

Deblozay sa rive apre nèg sou moto ki te gen gwo zam nan men yo tap tante atake yon ti bis Otèl Oasis la bakòp polisye ki te tou pre a reyaji pou te anpeche bandi yo akonpli misyon yo e la katouch te mete pye ant bandi yo ak lapolis sa ki ta pral lakoz yon polisye pran bal, yon moun ki te  nan zòn nan pran bal kèk machin ki te nan otel la resevwa bal, bandi yo bò kote pa yo rive met van nan zèl yo san twòp difikilte selon enfòmasyon nou rive jwenn.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …