AYITI/GAZ:50 MIL BARIL GAZ AP GEN POU DISTRIBYE NAN PONP YO JOUNEN MEKREDI 9 JANVYE 2019 LA .

Se te ayè madi aprè midi 8 janvye 2019 la bato livrezon gazolin yo te arive kwochte nan baz tèminal ki chita nan lokalite »THOR »,Distribisyon gaz yo ap komanse nan lajounen mekredi bay tout ponp nan tout rakwen nan peyi a, yon enfòmasyon ki te arive konfime pa yon otorite L’ANADIPP.

Apre kèk konsta ki fèt, majorite ponp yo sèch kou kepen depi kèk jou, tout moun galon nan men, machin , moto elatriye ap mache chache nan tout rakwen kote ya va jwenn yon ti likid enpòtan.
Gazolin tounen lò nan kèk ponp nan kapital la kap distribye,se pa ti gout yap fòse bay.

Apre kèk jou de mank,sitiyasyon an ap amelyore paske gazolin nan ap gen poul distribye jounen mekredi 9 janvye 2019 enfòmasyon ki te rive jwenn ECHO JOURNAL aprè yon sous anndan ASOSIYASYON NASYONAL DISTRIBITÈ PWODWI PETWOLYE YO(ANADIPP).

<<konsomayon gazolin nan peyi a anpil,li depase pase 20mil baril e 50mil baril paka fè anyen.
pwoblèm nan pa rezoud men se jis pou amelyore sitiyasyon an>>.dapre sa otorite yo fè konnen men popilasyon an pa bezwen enkyetel gen lòt baril ki nan wout.

IGNACE SAINT FLEUR,Direktè BMPAD la,eksplike sou radyo MAJIK 9 <<peyi a pa gen pwoblèm gaz,se akoz moun yo achte anpil gaz nan epòk fèt yo pou yo plen jeneratris yo san panse ak evantyèl mank gazolin nan epòk sa e lòt ki pwofite achte pou yo al fè mache nwa>>.
e li pwofite poul mande popilasyon rete tèt frèt SEKIRITE PIBLIK AK BMPAD gentan pwan tout dispozisyon pou distribye gazolin yo nan pòtoprens kou nan vil pwovens yo.

Poutan,gen enfòmasyon ki lese kwè kago gazolin yo te deja sou lanmè depi plizyè jou, men li potko ka livre akoz reta nan lajan pèman konpayi a potko fèt bò kote gouvènman an.

 

 

@Fednickson VAL
509 44903939
valfednickson@gmail.com

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …