LAFRANS-KILTI: YON BANN ATIS ENSPIRE DE MOBILIZASYON JILE JÒN YO:

Nan vil « PARIS » spesyalman nan 19yèm awondisman zile a,mouvman jile jòn fransè yo enspire yon pakèt atis.
Touris kap frekante zòn sila dekouvri yon mi pentire ki enspire yon Selèb twal EUGÈNE DELACROIX ,ki chita sou revolisyon fransèz »LA LIBERTÉ GUIDANT LE PEUPLE »kite tabli nan lane 1830.

Tankou jan sa afiche sou tablo orijinal la,isi a pa gen zam,ni fizi ,alevwa pou moun mouri men pito yon bann manifestan ki gen sou yo jile jòn e pwoteje figi yo ak mas.

Nan mitan,Tankou tablo DELACROIX a,yon Maryàn pote bone phrygian e li ap moute drapo fransè a.

« selman li vreman bèl,se sa yon moun kap pase di,li reprezante aktyalite kap pase nan moman sa, se pa yon revolisyon,se akoz sa pèp la ap mande a.
se sa ki reprezante lafrans kounya ».

Imaj sa a arive reyalize semèn pase a pa atis PASCAL BOYARD, ki ap tante denonse chak jou nan reyalizasyonl, monn finans lan, e se youn nan koz mouvman jile jón yo,daprè li menm.

 

 

@Fednickson VAL
509 4490 3939
valfednickson@gmail.com

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …