AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS JEAN HENRY CÉANT KONTINYE CHITA AK DIFERAN SEKTÉ POU RIVE JWENN YON ALYANS POU GOUVÈNE PEYI A

Jan prezidan repiblik la te konfyel sa , premye minis peyi a Jean Henry Ceant fè konnen li deja rankontre ak plizyè pati politik ak diferan sektè nan peyi a nan lide pou sa rive jwenn pi bon mannyè k’ap pèmèt yo jwenn pi bon alyans nan kad preparasyon Pouvwa a ap tanmen pou reyalizasyon gwo dyalòg nasyonal la.

Daprè Chèf gouvènman peyi a , dyalòg la ap chita sou ansanm pwoblèm sosyal ak pwoblèm politik , epi rezilta Dyalòg la dwe debouche sou yon solisyon dirab sou kriz kap travèse peyi a.

Chèf primati a kontinye pou anonse aprè dyalòg sa, pral gen yon komisyon kap rasanble pwopozisyon tout sektè pou kapab rive elabore dokiman final la ki se akò sou kòman yo pral gouvène peyi a.

Pilwen , premye minis lan fè konnen premye faz dyalòg la ap fini sou yon fowòm nasyonal , epi pou debouche sou dyalòg nasyonal k’ap etann sou yon peryòd 3zan men se a pati yon dokiman.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …