Vwala se Toto ki te gen foli jwenn yon gwo djòb nan gouvènman peyi a. Yon jou, malgre vijilans santinèl yo, li reyisi fofile antre nan palè nasyonal. Lè l’ rive, li al jwenn yon ofisye pou esplike l’ pwoblèm li.
Ofisye a di l : « Ki kalite travay ou ka fè? »
Toto reponn: « Prezidan la repiblik »
Ofisye a sezi,
li di Toto: « Eske ou fou nèt ? »
Toto besé tèt li tankou yon moun ki ap reflechi epi li reponn:
« Ehbyen, ou va eskize m, mwen pat konnen si fòk mwen te fou pou m’ te ka prezidan peyi Dayiti ».
