AYITI RELIJYON: YON OUGAN PRETE SÈMAN POU LI KAPAB CHANTE MARYAJ ANTÈMAN, PREZANTE BEBE AK LÒT ANKÒ.

Ougan Ilderis Nerat prete sèman nan palè jistis okay jounen lendi 14 janvye 2019 la kòm premye prèt vodou ki kapab chante antèman selebre mariaj ak batize timoun an prezans plizyè dizèn vodouyizan.

Nouvo prèt vodou a envite tout lot voudouyizan ki nan peyi a fè you sèl ak li pou kapab respekte la lwa. li fè konnen konfederasyon nasyonal vodou Ayisyen ap kontinye travay pou fòme vodouyizan yo. Gran sèvitoria KNVA, pilwen, fè konnen yo goumen anpil anndan sektè a pou jwenn dwa sa nan peyia.
Bò kote pal, Manbo Euvronie Georges Auguste ki te reprezante ati a nan seremoni sa eksprime lakontmanl pougwo pa sa kifèt la. Li di yap kontinye lute pou vann you lòt imaj sou sektè vodou a.

Daprè konstitusyon peyi dayiti tout relijyon lib pou egzèse sou tout teritwa nasyonal la. Men relijyon an te toujou ap viktim ou sibi kek move bò anpil sektè nan sosyete a kite lakoz gen kèk ak sivil yo pat janm ka reyalize nan kult yo. IIderis Nerat se premye ougan ki prete sèman devan lajistis poul ka chante maryaj, prezante bebe ak kèk lòt ak sivil.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …