AYITI CHILI: AYITI AP DOMINE AKTYALITE A NAN ZAFÈ FÈ TIMOUN NAN PEYI CHILI

Ayè lendi 14 janvye 2019 la, gen yon rapò ki soti nan peyi chili sou sa ki gen a wè ak etranje kap viv an rejyon sila. Chif yo ogmante nan zafè timoun ki fèt sou tè a kote paran yo se etranje e se ayiti kap fè aktyalite.

Daprè kotidyen EL MERCURIO » chif yo prezante a 4.2% nan zafè timoun etranje ki fèt,e 12% nan yo se paran etranje, yon rapò ki ogmante parapò ak sa ki te soti nan lane 2017 la, e se konsa rapò yo prezante pou ane 2018 ki sot pase a.

Plis pase 15 500 timoun etranje arive fèt pa de(2) paran etranje kap viv nan peyi chili, »EL MERCURIO »daprè enfòmasyon ki arive pataje bay plizyè lòt medya chilyen, ayisyen ap taye banda nan lis sila nan preske tout rakwen nan peyi sila.

Nap fè konnen nan rapò ki soti a, nan 11 sou 16 peyi etranje ki prezante nan rapò a, se ayisyen yo kap viv laba ki nan tèt lis la, Coquimbo ak Aysén, se nan de rejyon sa yo , yo plis obsève ka sa yo.

 

Fednickson Val
509 4490 3939
Valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …