AYITI/POLITIK: GARY BODEAU JWENN BENEDIKSYON CHANM DEPITE A NAN YON DEZYÈM MANDAN

Nan eleksyon ki reyalize nan palman an madi 15 pou rive mèkredi 16 janvye 2019 la pou fòme nouvo biwo ,Depite sikonskripsyon Dèlma a Gary Bodeau jwenn konfyans majorite depite ki nan 50yèm lejislati a pou yon 2yèm manda pou pòs prezidan pou lane 2019 la ,Avèk san kat (104) depite ki vote an favè , youn kont ,3 nil, epi 6 blan.

Aprè eleksyon sa yo nouvo biwo chanm dipite a pou lane 2019 la fòme avèk depite Gary Bodeau (Bouclier) kòm prezidan,

vis prezidan Caleb Desrameaux (sikonskripsyon Taba ,Vérité) chwazi pou yon 2yèm fwa

vis prezidan nan zafè administrativ, Jean Étienne ( Kap Ayisyen, Lapeh) avèk 61 vwa

premyè sekretè Marie Gladice St Jean Lundy (Jeremi , Bouclier) avèk 59 vwa,

dezyèm sekretè Guerda Alexandre Benjamin (Savanèt ,Kid) chwazi pou yon 2yèm fwa, avèk 76 vwa an favè

kestè Gandhy Dorfeuille (Sen jan Di sid, Phtk)
avèk 99vwa.

vis kestè Louis Marie Bonhomme (Ansafolè , pont) chwazi pou yon 2yèm fwa.

Gary Bodeau ta pral rive nan Palman an nan lane 2015 aprè eleksyon novanm 2014 yo, nan chanm depite a li pase pòs kestè pandan 2 fwa a ,epi rive prezidan chanm lan pandan 2 fwa youn dèyè lot.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …