AYITI MANIFESTASYON: MOUN SENMAK DI YO BOUKE TANN REZILTA PWOMÈS PREZIDAN JOVENEL MOÏSE TE FÈ YO KI POKO JANM REYALIZE.

Plizyè sitwayen nan vil senmak konte manifeste samdi 19 janvye kap vini la, lè yo fin aprann prezidan peyi ap gen pou vizite site Nissage Saget a menm samdi sa kap 19 janvye 2019 la.

Bouke, fache ak pil pwomès prezidan Jovenel Moise yo, se nan lide sa plizyè sitwayen nan vil sa vle tou pwofite de vizit chèf leta a nan zòn nan pou yo tou regle koze yo ak li, Sesa youn nan majistra senmak yo, Frantz Ulysse, fè konnen.

Notab sa yo kritike chèf leta a, yo di ki te pwomèt yo lap fè pon Abriko, amelyore katye bòlòs, reparasyon koridò Madan Saintard nan kad pwogram karavàn chanjman an, kote karavàn nan deja gen 2zan alòske jiskouya anyen pajanm fèt.

Premye me 2017 , prezidan an nan diskoul te fè bokozèl nan latibonit e’l te pwomèt abitan zòn nan lap refè plizyè wout ki deja kraze. anyen pafet. » Tout pawol sa yo rete nan kad anons » se sa mesye Ulysse kontinye poul di.

Sitwayen sa yo kifè konnen pasyans yo bout, anonse yap poze anpil lòt aksyon pou manisfe kolè yo.  » nou konte koupe tout aksè avèk gran nò a avan kanaval yo nan vil gonayiv », pawòl majistra Ulysse.

Majistra fè konnen yo pa bezwen pwomès nan men prezidan , yo sèlman bezwen bon jan aksyon tout moun ka wè ak 2 je yo.

Nap sinyale senmak pa rapò ak kotel sitiye, se youn nan vil ki trè rantab pou peyi a nan sa ki gen a wè ak akitivite ekonomik. Pò ki nan anba latibonit la kontribiye anpil nan mete Lajan nan kès leta a. pandan ane fiskal ki sot pase la leta ranmase 1 milya san 62 milyon goud sèlman nan pò a Malgre sa pa gen gwo envestisman ki fèt nan zòn sila a.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …