AYITI RELIJYON: YON OUGAN NAN VIL ENCH PRETE SÈMAN KÒM CHÈF KILT VODOU A.

Ougan Cedral Noëlus prete sèman nan palè jistis jou ki te sèz (16) novanm 2018 la nan palè jistis vil Ench kòm chèf kilt vodou a jan atik 5 nan arete 4 avril 2003 la di sa.

Seremoni sila te gen prezans plizyè otorite konsène tankou mèt Hermann Simon avoka jij delege ki te jwe wòl dwayen odit tribinal la an prezans mèt Veliton Joseph sibtiti komisè gouvènman an ki te asiste pa mèt Wilfrid Elie grefye an chèf tribinal la. Ougan Cedral se premye ougan ki rive atenn somè sila.

Nan yon vizit Cedral Noëlus nan stidyo Echojounal ougan an mande pou tout òganizasyon vodou nan peyi a fè yon sèl pou ede gouvènman goumen kont lavi chè a ak move moman popilasyon an ap konnen nan dènye tan sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …