PWOBLÈM SOU DOSYE PRIZONYE AN DETANSYON PREVANTIV PWOLONJE KI PAT JANM TRETE YO PRAL REZOUD DAPRÈ NOUVO KOMISÈ GOUVÈNMAN

Lajistis premye enstans ki pou pèmèt sekirite sou tout peyi a ap konfwonte anpil difikilte deside travay pou chanje sistèm jidisyè a.

Apre enstalasyon nouvo komisè gouvènman Paul Eronce VILLARD nan tèt pakè pòtoprens lan anpil desizyon pran pou lite kont detansyon prevantiv pwolonje a ki lakoz anpil prizyonye ap soufri nan sikonstans sa ki pat janm pase devan jij.

Jiridiksyon Pòtoprens kote ki gen plis ka nan detansyon prevantiv pwolonje gen yon plan byen elabore ki pran pa komisè gouvènman ak batonye lòd avoka yo pou bay 10 odyans pa jou epi trete 200 dosye pa mwa nan pakè pòtoprens lan pou jistis jayi pou jiridiksyon pòtoprens sèvi yon modèl apre estimasyon 500 dosye ki fèmen nan tiwa san trete.

Komisè gouvènman Paul Eronce VILLARD fè konnen gen 100 avoka ki disponib pou defann prizyonye an detansyon prevantiv pwolonje anplis y’ap travay ni lasemèn ak nan wikenn pou rann sistèm jistis la gen satisfaksyon sitou a 90% prizonye ki nan detansyon prevantiv pwolonje non sèlman pase devan lajistis e trete 70% dosye ki pat janm trete

 

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …