YON REYINYON EKSTRAÒDINÈ PWOGRAME NAN OEA POU JEDI 24 JANVYE A

Òganizasyon leta ki nan amerik yo( OEA) ap òganize yon rankont ekstraòdinè jedi 24 janvye a 2019 la nan Objektif pou chita pale yon lòt fwa ankò sou kriz peyi Venezwela ap afwonte k’ap vin pi grav chak jou.

Pou fè sonje , Nan jou ki sot pase la yo, 8 peyi ki nan kontinan amerik la te konvoke pou fè yon chita pale ankò sou jan kriz sosyal ak politik yo ap evolye nan peyi venezwela.
Se peyi Ajantin, Chili, Brezil, KostaRika , Etazini, Perou , Kolonmbi ak peyi kanada ki te mande pou rankont espesyal sa fèt.

Anpil zye brake sou ki pozisyon ayiti pra’l pran.
Ki kote ayiti ap kanpe lè’n konsidere kriz k’ap sekwe peyi N. Maduro pa twò diferan ak sak’ap pase bò isit.
Èske pra’l gen yon Ayiti kap kanpe kont venezwela yon lot fwa ankò?

Nap fè konnen nan dènye entèvansyon prezidan Venezwela a, Nicolas Marduro,te bay li te envite sekretè eta Ameriken an , Mike Pompeo pou’l vizite caracas. Epi’l te tou pwofite eksprime volonte’l genyen pou’l ka rankontre ak prezidan ameriken Donald Trump.

 

Gédéon Delva

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …