ETAZINI/JISTIS : CHRIS BROWN,ATIS AMERIKEN FÈMEN NAM GAD A VI NAN VIL PARI

Chantè, atis Vedèt ameriken an Chris Brown ,konnen yin lòt fwa ankò chimen gad a vi , ayè lendi 21 janvye 2019 la nan kapital peyi lafrans (Pari), aprè yon plent yon fanm fin pote kont li paske’l vyole’l avèk yon zanmi’l epi sekrite li ,daprè Enfòmasyon ki rive jwenn nou gras ak plizyè sous rapwoche.

Egalman tande pou « enfraksyon nan lejislasyon sou sak gen a wè ak stipefyan »Atis la toujou nan men lapolis daprè sa otorite jidisyè yo fè konnen.

Fanm ki pote plent kont atis la asire aksyon prezime yo ta pral nan dat ki te madi 14 ak mekrèdi 15 janvye 2019 la nan lannwit ,nan Mandarin Oriental,Yon otèl nan premye awondisman kapital la.

29 lane ,Atis Ameriken an deja pran chimen lajistis plizyè fwa pou divès lòt dosye.

nan lane 2009, atis la te arive tonbe anba siveyans lajistis pou yon peryòd de 6 zan, aprè li te fin deklare koupab lè’l te frape Rihanna nan epòk la , depi lè sa mouche a pa janm sispann flannen devan pòt lajistis nan zafè agrese ak vyole moun.

Nap fè konnen an 2014 Chris Brown plede koupab apre li te arive agrese yon sipòtè li Nan Washington ,e nan lane 2016 li ta pral vyole yon jenn fanm nan las vegas e yon lòt nan vil los Angeles.

ECHOJOUNAL
@valfednickson

valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …