AYITI/ POLITIK: OPOZISYON AN AK PLIZYÈ LÒT PATI POLITIK PA PATISIPE NAN FOWÒM NASYONAL SOU PAK GOUVÈNABILITE A.

Jan prezidan repiblik la te bay chèf primati a Jean Henry Céant otorizasyon pou mache kontre ak tout sektè nan peyi a pou jwenn bon jan antant ak yo pou rive rann posib dyalòg nasyonal la , ayè madi 22 janvye a se te Lansman fowòm nasyonal la ki dewoule san prezans ankenn manm sektè demokratik la ak opozisyon an.

Nan sal chèf leta a ak chèf gouvènman an ak tout lòt reprezantan pouvwa a pat rive idantifye ankenn reprezantan pati ak regwoupman politik tankou: RDNP, FUSION, OPL , PITIT DESSALINES , FANMI LAVALAS, ak tout SEKTÈ DEMOKRATIK POPILÈ a.

Pandan se tan divès lòt reprezan pati politik tankou: Clarens Renois pou (UNIR) , Nicolas Duvalier , Victor Benoît, ak divès lòt moun ki fè pati sosyete sivil la ladan yo pwofesè Augsute D’Meza.

Prezidan repiblik la sou bò pa’l fè konnen li pa satistè paske Premye Minis lan poko trennen sou tab la anpil lòt sektè《Pou sonje opozisyon an bò kote pa’l te deja anonse yo pap chita sou menm tab ak ankenn moun nan pouvwa a tout otan se pa depa prezidan repiblik la ki sou tab la , Pi lwen sektè demokratik la te fè konnen pa ka gen dyalòg nasyonal tout tan pwosè petwo karibe a poko fèt》

Èske nou ka di se premye minis lan ki manke fè travay chèf leta te ba’l otorizasyon pou’l fè a??

Oswa se mesye dam ki nan opozisyon an ki chwazi pa bouje agoch ni a dwat malgre tout politès premye minis lan te ka mete nan dyalòg li konn genyen ak yo ???

Antouka pey a ap tann lidè k’ap pran pi bon pozisyon pou li a.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …