SPÒ ENTÈNASYONAL/TENIS-OPEN OSTRALI: NAOMI OSAKA KALIFYE POU DEMI FINAL YON LÒT FWA ANKÒ

Sa fè 12yèm viktwa pou jwèz tenis NAOMI OSAKA japonèz dorijin ayisyèn nan tounwa granchelèm Open ostrali a, ayèswa 22 janvye 2019 la , Naomi Osaka san pitye pou nimewo 6 mondyal Elina Svitolina , kote li mete Ikrenyèn lan deyò nan konpetisyon an, li bat li nan de(2) sèt Selman,6-4 ; 6-1.

Yon pèfòmans ki voye chanpyòn Us Open lan ,nan dènye kare Open ostrali a.
Rove a Melbourne antanke ansyèn chanpyòn Granchelèm nan, Nimewo 4 mondyal la ap vanse tipa tipa pou double (Us Open-Open ostrali) sa k’ap gen pou mete’l chita sou fotèy nimewo 1 mondyal la.

Naomi Osaka ap rete tann de pye fèm venkè match k’ap opoze amerikèn Serena Williams fas ak tchèk la Carolina Pliskova.

Èske Naomi Osaka ap kwaze yon lòt fwa ankò Idòl li nan pwochèn macth tenis li an?

 

@valfednickson

valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …