AYITI/PALMAN: DEPITE YO BOUDE KONVOKASYON GARY BODEAU KISE PREZIDAN CHANM DEPITE A

Premye seyans lejislativ pou ane 2019 konnen anpil difikilte nan chanm depite a pou li rive reyalize akoz pa’t gen ase depite ki te reponn prezan pou rive rann posib koròm lan jan sa mande pou fèt.

sèlman 54 depite te reponn prezan nan premye apèl nominal la ki ta pral lakoz prezidan chanm depite a pran 30minit sispansyon nan lide pou te ka jwenn kowòm, yon sispansyon kite vin redwi depite yo a 43, prezidan chanm depite a oblije ranvwaye seyans lan pou jodi jedi 23 janvye 2019 la.

Èske se paske anpil nan depite ki gen manda yo ki fini ap prepare kanpay elektoral pou ka pèmèt yo jwenn yon nouvo manda pou tounnen nan palman an ki lakoz sitiyasyon sa???
Yon sitiyasyon ki lakoz pa gen inite nan mitan depite yo pou rann blòk politik pou fòmasyon komisyon yo.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …