AYITI/JISTIS: ANTHONY DUMONT ,YON ANSYEN DEPITE KONDANE POU’L PASE 4 LANE NAN PRIZON POU VYÒL SOU YON MINÈ 11 LANE

Ansyen reprezantan sikonskripsyon leyogàn nan chanm depite a Anthony Dumont rekonèt koupab de agresyon seksyèl sou timoun (minè) nan yon odyans anndan tribinal kriminèl pòtoprens ki sou gouvènans jij Berge O. Surpris ,nan dat jedi 17 janvye 2019 la.

Mèt Bernard Sainvil , Dwayen tribinal premye enstans kapital la konfime, Ansyen depite site Anakawona a rezevwa yon pèn de 4 lane kote lap gen pou’l fèmen dèyè kat (4) miray.

Ansyen palmantè, 61 lane ,benefisye dispozisyon atik 53 ak 54 kòd penal ayisyen an , kote pèn yo rezime ak travay di e jiskaske ou mouri pap pwononse kont okenn endividi laj yo nan limit 60tan pandan pwosedi jijman an ap fet la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …