AYITI/KORIPSYON: PATRICK NORAMÉ DEMANTI RAPÒ ULCC A , EPI LI BAY VRÈ REZON KI LAKOZ Y’AP TAKINEN’L KONSA DEPI APRÈ LI PA DIREKTÈ BMPAD ANKÒ

Maten vandredi 25 janvye 2019 sou antèn radyo karayib Ansyen direktè BMPAD la Patrick Noramé pote klarifikasyon sou divès bagay dènye Rapò ULCC a te akize’l pandan’l te nan tèt BMPAD.

Ansyen Direktè a ki te gen yon manda entèdiksyon de depa dèyè’l fè konnen li pa’t Ayiti se pandan l’al pase week-end li nan yon peyi etranje epi’l vin rekonèt li pa direktè BMPAD ankò epi rekonèt tou li gen entèdiksyon pou’l pa kite peyi a.

《se paske yo remake’m gen plizyè senatè ki nan opozisyon ak pouvwa kila a ki trè pwòch mwen, yo te bezwen fini avèm yon fason pou te ka tou pwofite akize senatè sa yo, ki yo menm pagen anyen a wè avèk korispsyon ki lakoz yo gen tout motivasyon sa yo soudo’m Konsa》toujou selon deklarasyon Patrick Noramé fè sou antèn Radyo Karayib

Yon lòt bò Patrick Noramé ki akize kòm koriptè daprè Rapò ULCC a, ki nan entèvyou a t’ap pale kòm moun ki ta’p goumen kont korispsyon le’l te direktè BMPAD fè konnen:

1) leta ayisyen gen depo pou estoke diri ak nenpot lòt bagay y’ap resevwa sou fòm don men yo prefere peye yon lòt kote.

2)li jwenn gen anviwon 1.5 milyon dola ameriken ki te konn ap gaspiye nan Mazout chak mwa avan’l vin nan tèt BMPAD.

3) Leta ayisyen te konn achte gaz la nan pri Gòlf epi vann li nan pri karayib.

4)leta ayisyen pèdi anviwon 4 milyon dola ameriken chak mwa sou gaz la.

selon Patrick Noramé se kont tou bagay sa yo li t’ap goumen Lè’l vin nan tèt BMPAD ki lakoz gwo zouzoun nan peyi a tounen lèt ak sitwon avèl.

Pou fini Patrick Noramé fè konnen pandan’l te nan tèt BMPAD la pa’t gen nouvo kontra ki te fèt sou kòb petwokaribe a pi lwen’l deklare li deja pare pou l’al devan jij paske’l pa gen ankenn san nan lajan petwokeabibe a k’ap tranpe anba zong li.

 

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …