Senatè Youry Latortue prezante bay plizyè jèn ak pwofesyonèl nan vil aken jounen dimanch 27 avril la yon konferans sou gaspiyaj lajan PETROKARIBE a.
Sou envitasyon asosyasyon des citoyens engagés d’Aquin (ACADE) anviron mil moun ki soti nan diferan sektè nan dezyèm vil depatman sid la te debake nan lise pierre Sully a pou vin tande senatè a kap bay detay sou kijan lajan petro a te depanse.
Ak yon atitud trè kalm e konfyan ansyen prezidan sena a retrase istwa petro a soti nan siyati akò a jouk rive jounen jodi a. Senatè a fè konnen lajan petro a rive gaspiye se akoz iresponsabilite ak movèz fwa otorite yo ki aranje yo ak firm pou surfaktire kontra yo yon fason pou yo fè kòb.
Pozel kesyon sou enplikasyonl nan gaspiyaj lajan an, senatè depatman latibonit la kwè tout sa yo di souli yo se atak pou afeblil nan batay lap mennen kòm senatè kont koripsyon anndan peyi a. Lifè konnen lèl te nan palè li te konseye prezidan Martelly pou palman an, li pat gen dwa siyati ou poze aksyon. Prezidan Martelly pat toujou tandel nan tout konsèy li te bali.
Li mete kikonk moun an defi pou pwouve kotel te enplike nan gaspiyaj lajan an.
Pilwen li ankouraje tout jèn , pwofesyonèl konsekan nan peyi a pou yo mete men nan batay la kel kwè ki se pou tout ayisyen.
Byenkel rekonèt lajistis nan peyi a fèb, youn nan andikap nan pwosè a, likwè fok gen yon egzanp ki trase an ayiti. Daprè Palmantè a dosye petro a se yon bon okazyon poun sa.
Gédéon Delva.