AYITI REVANDIKASYON: ABITAN NAN VIL FONDÈNÈG BLOKE WOUT NASYONAL #2 AYÈ LENDI 28 JANVYE 2019 LA

Akoz fenomèn ensekirite a ki pa sispann fè pale de li nan peyi dayiti ki te lakoz sikisal BNC nan komin fondènèg la boule depi pase 6 mwa, popilasyon an pa ka sikile ak gwo lajan yo mande pou ouvri sikisal la nan komin nan.

Pami moun ki tap manifeste pou reouvèti sikisal BNC nan komin nan majorite se machann ki gen aktivite nan vil fondènèg yo pwofite mande pou otorite yo rezoud pwoblèm dlo trete ak kouran komin nan ap konfwonte.

Popilasyon an bay yon dèle 22 jou pou otorite yo deside sou sitiyasyon sa epi pou tande vwa yo si se pa y’ap pase a yon lòt faz pou dwa yo respekte.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …