AYITI PALMAN: CHAK DEPITE RESEVWA 500 MIL GOUD POU FÈT FEN DANE 2018 LA.

Vis prezidan Chanm Depite a Caleb Desrameaux ki t’ap patisipe nan yon emisyon « Haïti sa kap kwit? » ki difize sou Télé20 rive konfime pou peyi a, Chak Depite ki twouve yo nan 50èm lejislati a te resevwa senk San mil (500 000) Goud pou yo sa pase fèt fen lane yo.

Depite Senmak la Samuel D’Haïti ki t’ap entèvni nan emisyon « Panel Magik » te voye jete byen lwen enfòmasyon si la, men depite Taba a te konfime se tout depite yo ki te resevwa lajan sa.

premye enfòmasyon yo te fè kwè se te twa san mil (300 000) goud depite yo te jwennn pou fèt fen lane a men depi Taba sòti nan silans li pou tabli verite sou koze si la.

Pou fè sonje si chak depite te gen Senk San Mil goud , bò kote pa Senatè yo se te 1 milyon Goud ki te disponib pou chak grenn Senatè.

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …