AYITI PNH: AYITI: GARY DEROSIER KONFIME SE AJAN KI TOUYE POLISYE KITE MOURI BÒ ESTAD SYLVIO CATOR A.

Polisye ajan 1 Claude Barthélemy César 32 lane ki te afekte nan enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti (IGPNH) pèdi lavi’l nan zòn Estad lendi 28 janvye 2019 la <Sylvio Cator> jan anpil moun ki te sou plas nan menm moman aksyon si la te pase a te fè kwè se yon Bakòp  ki te gen ajan Brigad operasyon entèvansyon depatmantal (BOID) ki te touye polisye a. Yon jou aprè aksyon sila fin pase, Pòt pawòl an aprè Polis Nasyonal Dayiti a GARY DEROSIER konfime enfòmasyon si la.

Daprè GARY DEROSIER ajan Boid yo te jwenn Polisye ki viktim nan tap friz yon chofè tap-tap ,epi li te gen avè’l yon Dyed t’ap tante mete van nan vwal li epi li pwente zam lan sou sou patwouy BOID la.

toujou selon Pòt pawòl Lapolis Nasyonal la Dyed ki te akonpanye polisye ki mouri a te jwenn aretasyon’l sou plas e nan menm moman Ajan Boid yo ta pra’l remake yon zam sou Dyed la , epi selon enfòmasyon Dyed la bay se Polisye ki te avè’l la ki te ba’l zam lan daprè deklarasyon Pòt pawòl polis Nasyonal la.

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …