ENTÈNASYONAL/VENEZWELA: LAKOU SIPRÈM METE ENTÈDIKSYON POU JUAN GUAIDO PA KITE PEYI VENEZWELA

Ayè madi 29 janvye 2019 , Lajistis Venezwelyèn mete entèdiksyon kont Juan Guaido pou’l pa kite Peyi Venezwela, nan kad yon ankèt premye faz y’ap mennen pou sa tabli lapè nan repiblik,

Chèf palman an mete 《Entèdiksyon pou soti nan peyi an san otorizasyon jiskake ankèt la fini》epi bloke kont bankè li yo anonse prezidan Siprèm jistis la (TSJ), Maikel Moreno, TSJ la se pi wo jiridiksyon Nan peyi Venezwela, ki akòde a pouvwa a kote tout manm yo se Rejim 《Chavisme》lan ki te chwazi yo.

Detèmine pou pwovoke depa Nicolas Maduro, palman vezwelyen an te reyini ayè Madi 29 janvye a nan lide pou diskite pou sa rive jwenn yon plan pou《 sove peyi a》e pou jwenn ki《 posibilite ki genyen pou ta òganize eleksyon lib ak transparan》sou pwen sa Juan Guaido lanse 2 jounen grèv mèkredi ak samdi.

Nan kan sipòtè Nicolas Maduro yo, pòt pawòl Kremlin an Dmitri Peskov repwoche aksyon 《ilegal》Washington yo.

Jèn depite 35 lane prezidan asanble nasyonal venezwelyen Ki te nome tèt li kòm prezidan enterim peyi Venezwela nan jou ki sot pase yo jwenn entèdiksyon, pou kounye a la li pa ka fè yon pa kita ni yon pa nago , Yon Repons ki sòti direkteman sou bò ekip prezidan sosyalis Nicolas Maduro fas ak opozan’l Juan Guaido ki gen peyi etazini k’ap sipòte’l.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …