AYITI EKONOMI: DOLA AMERIKEN AN KAP GRENPE MOUTE SOU TÈT GOUD LA KAPAB METE PREZIDAN AN NAN KOURI.

Depi kèk tan goud la pa sispann pèdi valè devan dola ameriken an. Ekonomis Labossiere ki t’ap reyaji nan laprès kwè sitiyasyon sila si pa gen anyen ki fèt pou estopel’ li kapab jete prezidan sou pouvwa a.

Daprè ekonomis lan opozisyon an pa kapab akoz li divize.
Prezidan asosyasyon ekonomis yo prevwa yon bon jou pèp la ap leve an kolè akoz grangou lamizè k’ap manje gawol.

Malgre anpil refleksyon k’ap Fèt nan radyo sou eta ekonomi peyi a leta pa janm pran okenn desizyon pou frennen sitiyasyon an alòske l’ap vin pi mal chak jou pi plis.

Bò kote pa’l ekonomis Pierre Marie Boisson fè konnen prensipal koz la se defisi kinan bidjè a, Li konseye otorite yo nan leta a pou metrize’l pou sa pa pi mal.
Daprè Labossiere se zak k’ap pèmèt prezidan fin fè mandal la an 2021.

Nan dènye jou sa yo li difisil anpil pou yon moun jwenn dola anndan peyi a. Nan kèk bank yo pap vann ou pliske 100 dola.

Anplis goud la ap kontinye pèdi valè’l. An janvye 2018 , ou te bezwen 64g pou yon dola jodia w’ap bezwen 81.5 goud pou’w ka acheté menm dola ameriken sa a.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …