AYITI DRAM: 28 MOUN MOURI NWAYE NAN LANMÈ BAHAMAS.

 

Pòtoprens, 4 Fevriye 2019.

28 konpatriyòt Ayisyen Pèdi lavi yo Nwaye douvanjou premye fevriye 2019 la nan Lanmè sou zile Bahamas Nan yon ti bato.

Yon Sitwayen nan Kominote Bahamas lan, Echojournal te Kontak presize pou nou Gadkot Nan peyi Bahamas te gentan Kouri pote Sékou ak (18) Dizuit Lòt Ayisyen Kite Nan ti bato sa a. Twa (3) Pami yo ap pran laswenyay sou kabann Lopital.

Reprezantan Ayiti nan peyi Bahamas Esplike Nan yon Radyo Sè nan kapital la, anpil demach ap fèt pou antre ak kadav yo Ayiti.

Lamizè kap Taye Banda tout Lajounen Nan peyi Dayiti fè jèn fanm ak Jèn gason riske vi yo pou Yo al chache kote dlo a Koule pi fre,se pa premye Ti bato ki koule sou Zile Bahamas lan, kisa Otorite konsène yo ap fè pou Stope Emoraji sa?

Souffrant Guerking

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …