INFO NAVAL: 5 ORIJINAL YON LÒT FWA NAN KANAVAL.

5 orijinal se yon gwoup kap evolye nan mond rap kreyòl la depi 23 out 2013 gwoup sila ki gen senk (5) jèn rapè soti dezyèm kanaval yo ki rele pitit nèg, yon tèks ki raple jenès la istwa peyi a e mande otorite yo ankadreman pou jèn yo ki se avni peyi a.

5 Orijinal ki sou dezyèm kanaval yo apre ane pase yo te fè *PATRIYÒT* ki te yon siksè pou yo, yo te rive ranpòte konkou kanaval ki te fèt sou radio Planèt kreyòl la. Jèn gwoup sila ki konpoze de senk (5) jèn LexHonMe, Brigy, Vèvel, Or-Jay ak Lm pa rive sou popilasyon an malgre yo voye kanaval la nan plizyè media e travay yon tèks ki pa gen betiz ki baze sou istwa ak pwoblèm kap ravaje peyi de tout sòt, atis yo ki santi yon bòykotaj de kèk medya selon yo pa dekouraje, deja ap travay sou videyo kanaval la la.

Gwoup la ki jwe nan divès aktivite nan peyi a anonse tou swit apre kanaval la yon mizik ki pral anonse pwojè yo nan mizik ayisyèn nan, ou menm ki ta vle rankontre yo ou kapab kontakte yo sou: 48716112. Al tande kanaval la. https://youtu.be/E7TWPaDyoQ0

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …