KOUP DESPAY: REAL MADRID RACHE YON MATCH NIL LAKAY BARÇA.

Real Madrid fè yon match nil (1@1), nan demi final koup despay jounen mèkredi 06 fevriye 2019 la nan kan nou an. Match retou an ap fèt mèkredi 27 fevriye.

Real moutre li pwogrese anpil parapò avèk match li te jwe kont Barça nan liga a 28 oktòb 2018 pase kote ekip blawougrana a te imilye real (5@1). Jodia ekip kasablanka a moutre yon lòt vizaj nan klasiko sa a. Aprè Lucas Vasquez louvri skò a sou yon pas Benzema nan (6è). Mèlenge yo te pi byen metrize premye mitan an. Yo te gen batay mitan tèren an sitou avèk Modric ki tap jwe yon bon foutbòt anplis vinicius ki tap kreye anpil pwoblèm nan lèl goch lan, ak vitès li, Barça te souvan an danje.

Barcelone te vin ap goumen pou l jwenn egalizasyon an avan fen premye peryod lan sa ki pat rive. Malgre plizyè okazyon gòl yo te kreye tankou Piqué ki te jwenn ba transvèsal la (32′). Real pat pran tan pou li te rayaji sou yon aksyon ak vinicius men ki pat konkretize.

Nan dezyèm mitan an Barça leve nivo epi vin gen kontwol match lan. Yo jwenn egalizasyon an aprè suarez choute epi balon an frape nan poto a Malcom jwenn rebon an tire nan kan vid. (57′)

Messi vin ranplase Cautinho (64′) nan menm moman an Bale antre nan plas Vinicius e Barcelone parèt siperyè sou ekip Real lan men yo pat twò enkyete Navas.Nan fen match lan Barça pase touprè pou l ta ankese yon dezyèm gòl sou yon frap bale men semedo sove ekip lan(82′).

Yon seri ki toujou louvri. Real gen yon chans anplis aprè match (1@1) an deplasman an.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …