BANM RABODAY MWEN

Lontan mizisyen osinon chantè ann Ayiti se te yon gwo koze, san di petèt, fòk ou te fè anpil jefò pouw aprann, mete bonjan bèt nan bwa tèt pouw ka ekri bon tèks mizikal. Se pou sa nou ka wè konpozisyon Ti Manno, Ansy Dérose, Manno Charlemagne epi kèk gwoup tankou Tropicana, Tabou Combo, Skah Shah, Accolade de New York se yon seri tèks wodpòt souvan ki montre aklè refleksyon pozitif ki te genyen nan mizik ayisyen an.

Jounen jodi a, mizik ayisyen an ap sibi yon chanjman tèt chaje ki bay krèv kè. Anpil tèks yo san nannan, yo mal chapante, yap fè pwomosyon pou sèks sèlman, gwoup yo menm pa sispann divize sitou gwoup konpa yo, tout sa yo pèmèt nou konstate gwo pwoblèm kap brase bil mizik ayisyen an. Kounye a tou nou wè Rap Kreyòl la kap vanse menm si ladanl swadizan di rapè yo pap di anyen anplis nou gen yon lòt fenomèn nan mizik ayisyen yo rele Rabòday kap fè lapli ak bontan.

Rabòday la mete reyalite nou toutouni, li pentire sosyete nou an san manke melanj, li mete deyò: mizè, malpalan, pwostitisyon, vagabondaj, sèks sou tout fòm elatriye. Li se rèl yon sosyete ki pa kapab ankò, men fason mesaj yo pase a pa gen anyen pou wè ak zèv atistik. Nou ta frekan anpil pou nou ta mete Rabòday tankou yon atizay mizikal. Moun kap chantel yo pa konn chante, melodi yo menm si yo bay anvi danse men yo sanble kou 2 gout dlo kidonk nanpwen orijinalite, tèks yo se gwo betiz san okenn jefò atistik, tout sa yo fè nou paka konsidere Rabòday la kòm modèl mizikal, yon atizay kòmsadwa.
Poutan, moun ki fè Rabòday yo chak lane yo nan lis youn nan pi gwo evennman sektè mizikal la kise « Festival Compas », fòk nou di l, Rabòday la ap mennen. Nan preske tout aktivite plezi jenès la se Rabòday yo pase, mizik kap fè « Hit » la, mizik ki fè yo pandye a. Rabòday la gen yon son ki pa konplike, refren yo potew ale yon moman siw pa veye kòw, Rabòday la se zafè majorite jèn fanm ak jèn gason. Kidonk, se zafè majorite popilasyon an si nou konsidere jèn moun yo reprezante plis pase 60 % popilasyon ayisyen.

Dorénavant les musiques à messages positifs sont reléguées au second plan, place à la débauche à la vulgarité à rien du tout ou au Rabòday purement et simplement. Depi kèk tan mizik ki gen mesaj pozitif pa alamòd-BIC, Bélo, Keb, K-lib nou jete yo- kounye a se betiz, medizans, zagribay ann di l pi byen Rabòday.

MED
dorvelus812@gmail.com
(509) 40275317

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …