AYITI-MANIFESTASYON :7 FEVRIYE 2019 KÒMAN SA TE YE.

Sa fè deja 33 lane depi rejim diktatoryal, Jean claude Duvalier a te pliye pakèt li ale,e sou 33 lane sa, jovenel Moïse ap selebre 2 lane depi li enstale nan tèt peyi a kòm prezidan, 7 fevriye, yon dat ki pa vle parèt inapèsi pou « SEKTÈ DEMOKRATIK POPILÈ A » foule beton an pou fè soti fristrasyon yo ak mizè, traka yap andire.

Nou nan kafou ayopò, li fè 10h nan maten, kawotchou gentan ap boule anpil anplè gentan ap bay a ki jan de revandikasyon pèp ap pati.
Asyèt, kiyè, bòl, engredyan tout kalte, manifestan yo ap frape, yap rasanble nan tout rakwen.
tout ap repete.
« aba lavi chè,aba pa gen kob,aba grangou.
anpil pawòl piman bouk lanse kont pouvwa anplas la ki ta sanble gen men tranpe nan disparisyon kòb petwo karibe a
Pwotestatè yo pat kenbe dlo nan bouch yo
yon sèl pawòl,se demisyon total pou tout gouvènman sila

Jounen 7 fevriye a,manifestasyon an chaje ak koulè, Foul moun ap soti nan tout rakwen pou yo fè yon sèl sou otowout delma a ,lapolis gentan paka kontwole. manifestan yo pa kache mo yo, pwopo tout kalte pou divilge pouvwa anplas la, pou mande demisyonl rapid vit paske yo paka soufri anko.

Sou tout pakou manifestan yo se gwo deblozay,vit machin kraze,kek magazen malgré pòt yo femen arive pase anba kòlè pwotestatè yo.

Anpil lidè politik patisipe nan manifestasyon sila, tankou Lidè pati politik « pitit desalin nan »Moïse jean charles, André Michel, Pwof Josué Mérilien, ak ansyen depite Serge Pierre louis.

Lidè pitit desalin nan Fè kwè,jounen 7 fevriye a se yon reyisit total pou tout pèp ayisyen an,vke pa vle,wè pa wè,fòk jovenel ak tout Céant kite pouvwa.
« nou vle demisyon Jovenel Moïse pou pwosè petwo karibe kapab fèt,demisyon jovenel Moïse Moïse pou moun lasalin kapab jwenn jistis. Se yon reyisit total,yon reyisit kapital nan pòtoprens e sitou nan tout peyi a »daprè Mèt André Michel.

plizyè sitwayen pwotestatè,bay mo yo nan redaksyon ECHOJOUNAL,pou pale de ensatisfaksyon yo,pandan 2 lane Jovenel Moïse nan gouvènans peyi dayiti.

inivèsitè,militan politik,prezans yo nan manifestasyon an se pou yo fè konnen ak pouvwa anplas jèn yo bouke ak yon sistèm ekonomik li anplwaye pou fini ak ti pèp la

« pa gen travay,chomaj,lavichè,nou bouke,nou pa nam dyalòg ak Jovenel,se pou’l ale,si jovenel rete mezanmiii peyi a ap kraze oui.nou pap ka manje non,lafen ap fini ak nou wi »vle pa vle,wè pa wè fòk Jovenel ak akolit li yo bay peyi a yon chans ».deklare kèk nan yo.

kèk lòt patizan ki nan branch revandikasyon sektè popilè a pale ak ECHOJOUNAL,pou moutre jan yo fache pou jan dola a ap trepase devan dola vèt la.

« Nou bouke ak dola ameriken an kap toufe goud nou an,84goud pou yon( 1) dola,pri pwodwi premye nesesite yo ap grenpe mòn,epi senatè ak depite,minis ap touche milyon,epi ti pèp la ap trepase »Nou bouke,Nou bouke,fòk peyi a rale yon souf ».

Nap fè konnen, jodia fè jou pou jou, dat pou dat, 2 lane depi Jovenel Moïse chita sou chèz boure palè nasyonal,e se jounen dyalòg nasyonal kote Premye minis Céant tap pale de li depi kek bout tan.
ta sanble deja pap gen yon gran festivite bo kote laprezidans e tou yon defèt bo kote chèf primati a.
Yon 7 fevriye ki gen anpil siyifikasyon nan memwa ayisyen yo,dat sa ki pap janm efase
Antouka nap rete tann.

 

 

valfednickson@gmail.com

Fednickson VAL

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …