PREZIDAN JOVENEL MOISE BAY DETAY SOU RANKONT LI TE RIVE FÈ AK DIVÈS PWODIKTÈ DIRI NAN PEYI A .

Apre plis pase 2 semèn kote prezidan repiblik la t’ap mache kontre ak divès pwodiktè diri nan peyi nan lide pou ka jwenn yon solisyon sou zafè sak rele lavi chè k’ap sakaje peyi a depi kèk tan.

nan sans sa Jovenel Moïse prezante bay laprès vandredi 8 fevriye 2019 la rezilta ki tanmen nan reyinyon sa yo, rankont sila yo ki te mete sou menm tab divès gwo pwodiktè diri, sitou youn nan gwo pwodiktè diri nan latibonit.

Yon diskou ki pa’t gen twòp anplè ,solisyon Prezidan ap chèche a ta sanble poko janm abouti daprè deklarasyon prezidan .

Yon lòt bò,
Prezidan Repiblik la rekòmande premye minis lan ak lòt sektè ki entegre dosye sila pou yo kontinye chache, fouye e jwenn bon jan akò ant pwodiktè, enpòtatè diri yo ak leta a. selon Prezidan an si pa gen amelyorasyon sou lavi chè a pap ka genyen yon estabilite politik.

Prezidan jovenel pwofite okazyon an poul mande ak tout moun ki fè pati apozisyon e sektè demokratik nan peyi a pou yo kapab vin chita pale pou sa jwenn bon jan solisyon sou kriz sosyopolitik kap ravaje peyi a.

pou fini lokatè palè Nasyonal la voye yon mesaj klè bay tout moun k’ap mande’l demisyone yo, li fè yo konnen li pap fè yon pa kita ni yon nago, prezidan an raple pou yon lòt fwa se yon manda pou 5 lane li genyen.

 

valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …