Real genyen dèbi an ( 3@1) jounen samedi 09 fevriye an nan stad Metwopolitano an. Match sa nan kad 23zyèm jounen. Aprè viktwa sa a Real vin pase an dezyèm pozisyon avèk 45 pwen dèyè rival li Barcelone ki gen 50 pwen.
Depi nan premye minit yo Real konfime vrè fòm li. Nan Jan yo metrize balon an, nan fason yo sòti avèk yon fasilite nan kan yo. Poutan At. Madrid toujou moutre solidite l nan defans. Magre plizyè tantativ bò kote ekip kasablanka a sitou avèk Vinicius ki te trè pèkitan.
Real pat pran tan pou li te louvri skò a sou yon kònè Toni kroos choute epi balon an devye nan tèt yon defansè Casemero tire epi jwenn premye gòl match foutbòl lan (16′). Aprè gòl lan AT. Madrid te vin pi menasan, yo kreye plis okazyon gòl.Ekip simerone a pwal jwenn egalizasyon an sou yon pas anpwofondè pou Antoine Griezman ki tire anban janm Courtois (24′).
Match lan kontinye avèk anpil angajman fizik. Real te moutre kèk feblès nan finisyon aksyon yo. Yo souvan fè move chwa nan desizyon final yo. Nan (43′ ) minit pwal benefisye yon penaliti aprè yon akselerasyon Vnicius epi Ramos rebay avantaj lan ak ekip mèlenge a.
Nan dezyèm mitan an AT. Madrid te kontinye ap chèche egalizasyon an men sa pat fasil paske defans Real lan tap fè yon bon travay. Solari ta pwal fè premye chanjman nan match lan Kote Bale antre nan plas Vinicius. Jwè At Madrid yo te vin ap fè anpil fot sa ki lakoz abit lan te bay anpil katou nan lojik pou ben kontwol match lan. Kòltchonowòs yo te kontinye ap goumen pou jwenn egalizasyon an epi Real tap chèche yon twazyèm gòl pou mete l pi prè viktwa an. Se Real ki ta pwal jwenn rezon an gras ak Bale sou yon pas Modric (74′) ki vin met match lan 3@1. Real kontinye ap konfime ke li geri. Solari sanble jwenn vrè remèd lan.
Peterson Louis.