PREMYE LIG: MANCHESTER CITY PASE EKIP CHELSEA A YON RAKLE.

Manchester City Genyen Chelsea (6-0) jounen dimach 10 fevriye an nan Etihad Stadium lan. Aprè viktwa sa a Manchester City pran tèt klasman premye lig lan.

Batay pou fini an premye nan chanpyona a pwomèt l’ap entèresan anpil. Alòske Liverpool te premye aprè siksè l sou Bournemouth (3-0). City rival li vin gen menm kantite pwen avèl ankò aprè yo fin imilye ekip Chelsea an (6-0). Sa fè citizen yo pran devan Reds yo.

Anplis tit chanpyon an gen yon lòt lit ankò ki se tit meyè bitè Chanpyona a ant Salah e Aguero anonse lap entèresan anpil . Samdi an Salah te make 17è gòl li pou sezon an. Sergio Aguero pa pran tan pou li jwenn ejipsyen an aprè l fin fè 11è triple l nan karyè l nan premye lig lan (13′ 19′ 56′). Atakan ajanten an moutre efikasite l devan gòl la anpil. Depi aprè defèt ekip Guadiola a devan Newcastle (1-2) yo pa janm pèdi yon pwen depi nan 20è jounen an. Yo gen meyè atak chanpyona a avèk 73 gòl swa 14 anplis Liverpool.

Depi nan ( 4′) minit Raheem Sterling louvri skò a pou city profite sou feblès defans Chelsea an. Aprè 25 minit citizen yo te gentan (4-0), sa prouve kijan match lan te fasil pou yo. Gundogan sou yon movès relans Rudiger patisipe nan fèt lan.

Aguero se jwè city ki pi anfòm nan moman an. Aprè li fin rate yon okazyon nan (8′) pwal make nan (13′) sou yon gwo chout byen lyen epi li vin fè dezyèm gòl pèsonèl li sou yon erè Barkley (19′) aprè l pwal transfòme 6è penaliti l anplis make dezyèm triple l nan 3 match (55′). Avèk 160 gòl pou 229 match Aguero vin pi bon bitè ekip Manchester City an. Raheem Sterling make dènye gòl match lan nan (80′), sa fè premye fwa Chelsea an ankese 6 gòl nan yon match nan premye lig lan. Aprè defèt sa a Chelsea pase an 6è pozisyon dèyè Arsenal.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …