AYITI LEH: YON NOUVO PWOGRAM ENTÈT LANSE NAN LEKÒL YO POU FASILTE ELÈV YO TRAVAY PI BYEN

Jan lotri leta ayisyen an te pwomèt li pandan mwa ki sot pase yo nan depatman Nip peyi a, nan yon patenarya ak konpayi telefonik NATCOM epi kolaborasyon kòdinasyon depatmantal Nip lan, direktris jeneral lotri leta ayisyen an Maragareth FORTUNE mete entènèt nan « LYCÉE JACQUES PRÉVERT AK COLLÈGE FRÈRES CLERISME » nan vil Miragwàn jou ki te 6 fevriye 2019 la, kòdinasyon depatmantal Nip la ap gen pou chwazi yon twazyèm lekol pa twò lontan pou kapab benefisye de pwogram sila.

Daprè deklarasyon direktè lotri leta ayisyen an malgre lotri leta ayisyen te gen plizyè tan kanpe, nan non gouvènman y’ap travay san relach yon fason pou mete pwogram sa nan twa (3) lekòl pa depatman yon fason pou ede elèv lekòl yo avèk inivèsitè an fè rechèch ak devwa yo genyen sitou entènèt la se yon zouti ki trè nesesè pandan dènye tan sa yo.

Anplis lotri leta ayisyen pran anisyativ sa yon fason pou aprann jèn yo konnen kisa lotri leta ayisyen ye.

Pou fini direktris lotri leta ayisyen an Magareth di pa twò lontan lòt depatman yo tankou Grandans, Sid, Lwès ak lòt ankò ap gen pou benefisye de pwogram sa.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …