FOUTBÒL LÒT BÒ DLO: TOTTENHAM KRAZE BORUSSIA DORTMUND NAN JOUNEN 1/8 DE FINAL LIG DÈ CHANPYON AN.

Tottenham bat Borussia (3@0 ) jounen mèkredi 13 fevriye 2019 la, nan estad Wembley a nan kad 1/8 definal ale a. Aprè viktwa sa a Spurs yo gen yon pye yo nan 1/4 definal.

Yon Tottenham san Ali e Kane genyen Dortmund lidè chanpyona alman an (3-0.) Anglè yo pran yon mitan pou yo korije ekip alman an. Poutan nan komansman match lan Dortmund te pi byen metrize match lan, yo te kreye plizyè okazyon. Jwè Lucien Fabre yo te parèt menasan sou plizyè aksyon men Hugo Lloris te enpekap nan gòl lan, anpeche ekip li ankese sou twa aksyon (15′ 35′ 45).

Tottenham pwal reyaji nan dezyèm mitan an avèk bitè sid koreyen an Son Heung Min ki pwal make premye gòl match lan, ki se premye gòl li nan lig dèchanpyon an tou sou yon pas Verthongen (47′). Aprè gòl lan jwè Borussia a yo te vin preske pa egziste sou tèren an, Spurs yo te vin gen kontwòl match lan nèt.

Verthongen ki te pasè sou premye gòl lan pwal met match a 2@0 sou yon pas Serge Aurier.(83′) Aprè twa minit Fernando Llorente koupe trajektwa yon balon nan premye poto an ak tèt li epi tronpe Roman Burki (3@0).
Pou sezon sa a nan lig dèchanpyon an, Spurs yo te deja enskri 8 gòl nan 9 yo fè nan dezyèm peryòd. Konnye a yo gen 11.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …